Moman anivèsè se toujou yon bon okazyon pou nou remèsye Bondye pou byenfè Li yo anvè nou. Byenke nou pa ka rankontre fasafas, nou va reyini an espri e an verite pandan w lakay ou pou nou adore e remèsye Bondye pou 70 an egzistans Radyo Tele 4VEH. Bondye Fidèl e nou pap janm sispann louwe non Li. Vèsè nou ane 2020 an e pou 70e la se yon bon rapèl byenfè ak fidelite Bondye. Li di : « Men m ap fè yon lòt bagay pou nou. Li kòmanse rive déjà. Nou pa wè li ? Mwen pral fè yon wout nan mitan dezè a. Mwen pral fè gwo dlo koule nan savann lan. » Ez.43 :19 N ap tann ou ! Branche sou tout platfòm 4VEH yo Dimanch 7 jyen 2020 a 10 :00 AM pou nou adore e remèsye Bondye ansanm pou 70 an Radyo Tele 4VEH yo.